Aplike
Anliy Kounye a
Anrolman pou
Florida KidCare asirans lasante pou
timoun yo ap ouvri kounye-a pandan
tout ane-a.
|
Aplikasyon an ap bon pou
120 jou apre nou resevwa li. Si pitit ou pa inskri nan MediKids,
Healthy Kids oubyen Children’s Medical Services Network
nan 120 jou, nap fe ou konnin pou ou ka re-aplike. Nou ka servi
ak
yon aplikasyon ki gin plis ke 120 jou pou nou gade si timoun
nan kalifye pou Medicaid.
Kèk pwogram Florida KidCare ka gen
plas limite, e aplikasyon yo aksepte dapre ki kantite moun ki genyen.
Kan MediKids, Healthy
Kids ak Children’s Medical Services Network pa gen plas pou
plis timoun, anrolman pou pwogram sa yo ap femin. Medicaid aksepte
nenpòt lè timoun ki ka kalifye. Medicaid toujou ouvri
pou timoun sa yo.
Si anrolman pou MediKids, Healthy Kids ak Children’s
Medical Services Network sa yo ap femin, Floirda KidCare tcheke pou
wè si
pitit ou yo ka kalifye pou Medicaid. Wap resevwa plis enfòmasyon
si pitit ou yo kalifye pou Medicaid. Si pitit ou yo pa kalifye pou
Medicaid, wap gen pou voye yon dezyèm aplikasyon pandan pwochen
period kan MediKids, Healthy Kids ak Children’s Medical Services
Network sa yo ap ouvri.
Kijan
pou enprime aplikasyon Florida KidCare la
Fòmilè aplikasyon Florida KidCare
la ak direksyon yo disponib sou fòm dosye PDF (Portable
Document Format). Wap bezwen lojisyèl la ki rele Adobe
Acrobat Reader pou enprime fòmilè a. Ou
ka jwenn Adobe Acrobat Reader pou konmpitè ou an isit
la.
Aplikasyon an ak enstriksyon yo gen 4 paj an total,
sou fòma fèy papye minis (dimansyon legal) (8 1/2" x
14").
Tanpri enprime aplikasyon an ak direksyon
yo sou yon fèy papye minis (8 1/2" x 14"). Pa
itilize fèy papye fòma komèsyal e pa redwi
dimansyon aplikasyon an paske li fè repwodiksyon lèt
la a soti twò pitit kifè ka gen erè nan
enfòmasyon ki sou aplikasyon an e ka fè gen delè pou
yo detèminen si pitit ou elijib.
Tape isit la pou telechaje aplikasyon Florida KidCare
la ak direksyon yo:
Si ou pa ka enprime fòmilè aplikasyon
Florida KidCare an sou sit entènèt sa a pou nenpòt
ki rezon, wap jwenn fòmilè sa yo nan:
- Aplike
Anliy Kounye a
,
oubyen
- Sant sèvis Depatman timoun ak sèvis familyal
(Department
of Children and Families – DCF
), oubyen
- Liy sèvis enfòmasyon Florida KidCare
(koutfil gratis):
1-888-540-5437
Remonte
anwo
Dokiman
nesesè yo
Chanjman nan lwa leta Florida KidCare la oblije
fanmi yo kounye la mete prèv revni yo ansanm ak aplikasyon
Florida KidCare la. Aplikasyon ou an pa konplè si li pa
gen dokiman nesesè yo. Tanpri voye fotokopi - pa
voye dokiman orijinal yo.
Si ou pa gen dokiman sa yo oubyen si ou gen kesyon,
rele gratis nan 1-888-540-5437 pou konnen ki sa ou ka fè.
Dokiman sou revni ki nesesè:
- Kob ke ou touche nan travay ou
- Dènye
dosye enpo, OUBYEN
- Resi pewòl oubyen resi salè pou tou
dènye mwa a oubyen yon lèt konpayi kote wap
travay la ekri ki di konbyen lajan ou touche nan pou dènye
kat semenn yo, OUBYEN
- Dènye papye (Fòm) W-2 (Salè ak
dosye enpo).
- Kob ke ou resevwa san ou pa travay pou li (“Unearned
Income”).
Si ou resevwa “unearned income”,
mete yon kopi lèt atribisyon an oubyen yon resi
chèk pewòl.
- Pansyon alimatè pou timoun.
Si ou resevwa peman
pou pansyon alimantè pou timoun, mete yon kopi disizyon
tribinal la, oubyen tou dènye chèk ou resevwa
nan mwa a pou chak timoun, oubyen yon lèt paran ki
peye pansyon alimantè pou timoun lan ekri.
Lòt dokiman:
- Si pitit ou an pa sitwayen
ameriken, mete
yon kopi devan ak dèyè dokiman imigrasyon pou
chak timoun wap fè aplikayson pou li nan Florida
KidCare.
- Si pitit ou an endyen
ameriken oubyen natif natal Alaska, mete yon kopi devan ak dèyè kat
idantifikasyon tribi a oubyen lòt dokiman ki idantifye
tribi li.
Plis enfòmasyon sou dokiman nesesè yo disponib
anliy nan: http://www.healthykids.org .
Remonte
anwo
Kijan
pou voye aplikasyon Florida KidCare ou an
Gen plizyè jan pou voye anvlòp aplikasyon
Florida KidCare ou a: pa lapòs, pa faks, pa kourye express/overnight,
si ou delivre li an pèsòn, oubyen pa imèl
sou fòm kourye siplemantè ki kopye.
Remonte
anwo
|
|