I am Kidcare

Asirans sante ak dan bon kalite ak bon mache pou timoun.

Depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane, timoun Florida yo kalifye pou pwoteksyon latèt-opye, menm si youn oswa toude paran yo ap travay.


Local Assistance

Information About Vendor Data Security Incidents
Learn more here.

Asirans Pou Timoun Nan Florida

Timoun nan Florida depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane kalifye pou asirans. Li gratis pou aplike epi gen enskripsyon pandan tout ane a, lè pou aplike a se toujou kounye a. Pou kòmanse aplikasyon fanmi ou a, klike sou bouton woz ki di 'Apply Now' (Aplike Kounye a). Apresa Florida KidCare ap fè rès la. Selon laj la timoun nan, kantite moun ki abite kay la, ak revni fanmi an, nou otomatikman mete chak timoun nan youn nan kat pwogram Florida KidCare ki pi bon pou yo a - Medicaid, MediKids, Florida Healthy Kids, oswa Children’s Medical Services (CMS) Health Plan. Se konsa li fasil!

Gratis Oswa Bon Mache

Florida KidCare genyen opsyon gratis, opsyon kote ou jwenn èd, ak opsyon kote ou peye tout lajan an nèt selon revni fanmi an. Pifò fanmi pa peye anyen ditou, epi anpil fanmi peye yon ti $15 oswa $20 dola chak mwa pou tout timoun nan kay la. Fanmi ki pa kalifye pou asirans gratis oswa ki pa kalifye pou jwenn èd yo ka achte yon plan yo peye tout kòb plan an men ki pa chè.

Bon Jan Avantaj

Lè nou t ap kreye Florida Kidcare, nou te panse ak timoun yo. Se sa ki fè asirans nou an bay pitit ou aksè nan sèvis yo bezwen nan chak etap kwasans ak devlopman yo. Yo resevwa sèvis sante ak swen dan nan plan bon kalite ki ofri yon lis ak plizyè doktè, espesyalis, lopital, famasi, ak lòt pwofesyonèl swen sante lokal.

Avantaj Florida KidCare gen bagay sa yo ak plis toujou:

Benefits include Doctor Visits Vizit Kay Doktè
Benefits include Surgeries Operasyon
Benefits include Check-ups Egzamen Woutin
Benefits include Immunizations Vaksinasyon
Benefits include Vision & Hearing Swen Zye ak Zòrèy
Benefits include Prescriptions Preskripsyon
Benefits include Dental Care Swen Dan
Benefits include Emergencies Ijans
Benefits include Hospital Stays Jou Entène Lopital
Benefits include Mental Health Sante Mantal

Pwogram Florida Kidcare Yo

Florida KidCare se mak ki sou tèt kat pwogram asirans sante gouvènman an finanse yo – Medicaid, MediKids, Florida Healthy Kids ak Children’s Medical Services (CMS) Health Plan –ki mete ansanm pou bay timoun Florida asirans sante san rete depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane.

Florida KidCare Program Breakdown

Asosye Florida Kidcare Yo

Pwogram Florida Kidcare a fèt ak kat asosye.

Florida Healthy Kids Corporation
FHKC

Jere pwogram Florida Healthy Kids pou timoun ki gen ant 5 ak 18 lane. Epi tou kòporasyon an detèmine ki timoun ki kalifye pou pati pwogram nan ki pa Medicaid, touche prim chak mwa yo, epi jere sant dapèl sèvis kliyantèl la.

Florida Agency for Health Care Administration
AHCA

Jere sèvis Medicaid ak pwogram MediKids la pou timoun ant 1 ak 4 lane. An plis, Ajans la travay ak gouvènman federal la pou garanti pwogram Florida KidCare a respekte tout lwa ak règ federal yo.

Florida Department of Children and Families
DCF

Detèmine ki timoun ki kalifye pou pwogram Medicaid la epi jere Rezo Sante Konpòtmantal la pou timoun ant 5 ak 18 lane ki gen gwo twoub emosyo.

Florida Department of Health, Children’s Medical Services
DOH

Jere Children’s Children’s Medical Services (CMS) Health Plan pou timoun ki gen bezwen espesyal pou sante depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane epi revni fanmi yo jiska 200% nivo pòvrete federal la.

SITWÈB SA A SÈVI AK TEKNOLOJI KI KOLEKTE ENFÒMASYON SOU AKTIVITE OU SOU ENTÈNÈT LA. DEPI OU ITILIZE SITWÈB SA A, SA VLE DI OU DAKÒ POU NOU ITILIZE TEKNOLOJI SA YO. OU KA JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU TEKNOLOJI SA YO LA A. SI OU PA DAKÒ, PA SÈVI AK SITWÈB SA A.