I am Kidcare

Asirans dantè pou timoun ki gratis nèt oswa pou pri ki ba!

Disponib avèk nenpòt pwogram Florida KidCare.

 

Jwenn plis enfòmasyon Sou Avantaj Swen Dan

Florida KidCare ap selebre
Mwa Nasyonal Sante Dan Timoun

 
Share this video: Facebook Twitter Email

Yon mesaj Doktè Claussen, D.D.S.Pediatric dentist in Panama City and vice chair of the Board of Directors for the Florida Healthy Kids Corporation

Swen prevantif pou dan ki bon mache kenbe timoun yo ak paran yo ap souri.

Kòm yon dantis timoun epi kòm yon papa ak yon granpapa, mwen pa janm vle wè timoun k ap soufri avèk pwoblèm endepandan santre bouch nou ki te kapab evite.

Dekonpozisyon dan se maladi kwonik prensipal timoun nan Lamerik avèk 40 pousan timoun ki gen twou nan dan yo nan moman yo antre nan lekòl matènèl. Pwoblèm sante bouch kapab menase sante kè timoun yo, asirans ak konpetans pou yo aprann. Timoun ki gen dan fèmal rate plis jou lekòl epi yo gen plis chans pou gen GPA ki pi ba.

Pou kounye a, sou 257,000 timoun ki pa gen pwoteksyon asirans, 147,000—plis pase mwatye—kalifye pou pwoteksyon asirans pou swen dan ki gratis oswa pou pri ki ba avèk Florida KidCare.

Pandan Mwa Sante Dan Timoun, mwen mande si pitit ou oswa pitit-pitit ou pa gen asirans dantè – tanpri fè yon sèl avèk prèske 2.5 milyon fanmi Florida Kidcare ki gen lavi yo ki vin pi bon paske yo resevwa bon kalite asirans pou swen dan bon mache. Aplikasyon an p ap koute ou anyen, epi enskripsyon an louvri pandan tout ane a.

Yon souri an sante se premye bagay lemonn ap wè, epi timoun nou yo pa merite anyen ki mwens pase pou nou prepare yo pou yo gen siksè.

Children’s Dental Health Month

Avantaj Swen Dan Florida KidCare

Nou bay sèvis swen sante pou gratis nèt oswa pou pri ki ba nan kontra avèk plan sant ak plan pou swen dan, nou bay sèvis yo nan rezo pwofesyonèl swen sante epi yon doktè swen prensipal fanmi an chwazi planifye sèvis yo. Sèvis medikal ak sèvis swen zye timoun bezwen nan chak etap kwasans ak devlopman yo disponib avèk nen pot nan pwogram Florida KidCare.

Sèvis swen dan Florida KidCare ki garanti yo gen ladan men pa sèlman:

Regular Check-Ups

Tchekòp Regilye

Cleanings

Netwayaj

Topical Fluoride

Tretman Topik avèk Fliyori

Sealants

Mastik

Spacers

Espasman

  • Radyografi
  • Plonbaj ak kouwòn
  • Operasyon nan bouch ki gen ladan rache dan, tretman maladi chòk, domaj ak defòmasyon
  • Sèvis andodontik tankou kanal radikilè
  • Pwotèz demontab tankou
  • Sèvis òtodontik tankou aparèy dantè
  • Analjezi ak sedasyon
  • Medikaman
  • Garanti pou sèvis ki nesesè pou soulaje doulè ak malèz akòz yon ijans
  • Ospitalizasyon (entène nan lopital) si timoun nan pa kapab jwenn tretman nan klinik dantis la san pwoblèm

Ti konsèy sou sante dan ki bon pou paran yo.

Swen prevantif dan kòmanse avèk Premye Dan an

Kilè ou ta dwe pran randevou pou premye vizit dantè ou.

Egzamen Dantè Souvan

Konbyen fwa ou ta dwe wè dantis la?

Poze kesyon sou mastik

Kisa yo ye epi èske yo efikas?

Bon jan Fason pou itilize Fil Dante

Èske metòd ou itilize fil dantè a kòrèk?

Fason pou evite chòk nan dan

Kijan ou kapab evite yon chòk nan dan?

Avantaj Swen Dan Florida KidCare

Èske gen avantaj swen dan ladan?

SITWÈB SA A SÈVI AK TEKNOLOJI KI KOLEKTE ENFÒMASYON SOU AKTIVITE OU SOU ENTÈNÈT LA. DEPI OU ITILIZE SITWÈB SA A, SA VLE DI OU DAKÒ POU NOU ITILIZE TEKNOLOJI SA YO. OU KA JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU TEKNOLOJI SA YO LA A. SI OU PA DAKÒ, PA SÈVI AK SITWÈB SA A.