Kalifikasyon

Selon laj la timoun nan, kantite moun ki abite kay la, ak revni fanmi an, nou otomatikman mete chak timoun nan youn nan kat pwogram Florida KidCare ki pi bon pou yo a. Tout timoun ki gen plis pase 1 lane kalifye pou asirans Florida KidCare swa nan yon pwogram ki bay èd oswa youn yo peye tou kòb la, menm si youn oswa tou de paran yo ap travay.

Timoun depi yo fèt jiska premye anivèsè yo kalifye pou Medicaid si revni kay yo anba 200 pousan nivo pòvrete federal la.

Pou kalifye pou resevwa èd pou peye prim nan, ki rele asirans sibvansyone tou, yon timoun dwe:

  • Poko gen 19 lane
  • Pa gen asirans lè asirans Florida Kidcare a kòmanse
  • Satisfè kondisyon pou kalifye selon revni yo
  • Yon sitwayen ameriken oswa kalifye si li pa yon sitwayen (Nou p ap janm mande yon paran sitiyasyon li ak imigrasyon.)
  • Pa kalifye pou Medicaid konplètman sibvansyone
  • Pa nan yon enstitisyon piblik

Timoun Imigran Ki Rezide Nan Eta A Legalman



Timoun k ap viv nan Florida legalman kalifye pou aplike pou asirans sante ak dan Florida Kidcare. Ou p ap bezwen mete sitiyasyon yon paran ak imigrasyon sou aplikasyon pou Florida Kidcare a, epi nou pa p janm mande li tou.

Lejislati Florida te pase yon lwa ki te ede anpil timoun imigran k ap viv nan Florida legalman jwenn \ asirans sante depi li te antre an vigè 1ye jiyè 2016.

Anvan chanjman sa a, kèk timoun ki pa te sitwayen ki t ap viv nan Florida te oblije Ozetazini legalman pou omwen senk lane avan yo t ap ka kalifye pou asirans sante nan pwogram Florida Kidcare a.

Timoun yo te bay refi avan pou pwoteksyon sibvansyone paske yo te bezwen tann peryòd senk lane a bezwen re-aplike sou entènèt, oswa rele 1-888-540-5437.

Kèk timoun yo te bay refi avan poutèt règ senk lane a ka enskri nan yon plan kounye a sou www.healthcare.gov. Pou transfere yo nan Florida Kidcare, fanmi yo ka mete enfòmasyon yo ajou ak mache federal la sou www.healthcare.gov oswa rele 1-800-318-2596.

Si yon timoun enskri nan asirans travay paran li oswa lòt asirans prive, yo ka aplike nenpòt kilè, men, se jis lè pwoteksyon nan lòt asirans la fini pwoteksyon yo nan Florida Kidcare ap kòmanse.

Pou plis enfòmasyon sou lejislasyon an, tanpri ale sou sitwèb https://www.flsenate.gov/Session/Bill/2016/5101.

Kesyon Moun Poze Souvan

1. Pou ki moun lwa yo te pase 1ye jiyè 2016 la aplike?

Timoun ki pa sitwayen, jiskaske yo fete 19èm anivèsè yo, k ap viv nan Florida epi ki satisfè kondisyon revni pou Florida Kidcare yo, epi ki gen dokiman nesesè pou pwouve yo Ozetazini legalman.

2. Yo te bay pitit mwen refi avan paske li pa te nan peyi a legalman pou senk lane. Kisa mwen dwe fè pou konnen si li kalifye kounye a?

Tanpri rele 1-888-540-5437 pou mete enfòmasyon ou ajou ak pou konnen si pitit ou kalifye kounye a.

3. Kijan yon timoun ki gen asirans nan mache federal la, www.healthcare.gov, transfere sou Florida KidCare?

Pou transfere yon timoun sou Florida KidCare, fanmi an dwe mete enfòmasyon yo ajou ak mache federal la epi fè yon nouvo evalyasyon pou wè si yo kalifye. Fanmi yo ka ale sou www.healthcare.gov oswa rele 1-800-318-2596 nenpòt ki lè pou mete enfòmasyon yo ajou.

4. Kijan yon timoun ki gen pwoteksyon nan asirans travay paran li oswa yon asirans prive kapab transfere sou Florida KidCare?

Paran yon timoun ki enskri nan asirans travay li oswa lòt asirans prive ka aplike pou Florida Kidcare nenpòt kilè, men, se jis lè pwoteksyon nan lòt asirans la fini pwoteksyon yo nan Florida Kidcare ap kòmanse.

Ki Pa Chanje 5-Kan Datant te Elimine pou Nouvo Moun ki Kalifye yo
  • Refijye
  • Moun yo Bay Azil
  • Kiben / Ayisyen ki fèk Antre
  • Akòde Dediksyon pou Depòtasyon oswa Retrè
  • Viktim Trafik Imèn
  • Depandan Selibatè ki Pa Sitwayen Ameriken k ap Sèvi nan Lame Etazini an.
  • Manm Federal yo Rekonèt nan branch fanmi Endyen Ameriken ki te fèt nan Kanada
  • Rezidan Pèmanan Legal(LPR)
  • Jwenn Libète sou kondisyon nan peyi Etazini pou omwen yon ane
  • Timoun yo te maltrete oswa Pitit Moun yo te maltrete.
  • Sekou akòde dapre Konvansyon ki kont Maspinay (CAT)
  • Estati pou Pwoteksyon Tanporè (TPS)
  • Ranfòse Pwolongasyon pou Depa (DED)
  • Aksyon pou Pwolongasyon
  • Jwenn Libète sou kondisyon nan peyi Etazini pou omwen yon ane
  • Endividi avèk Estati non-Imigran
  • Sejou Administratif pou Retrè
  • Rezidan Tanporè Legal
  • Inite nan Fanmi

Aplikan - Ki fèk Kalifye yo

  • Aplikan Pou LPR
  • Aplikan Pou Azil
  • Aplikan pou Estati Espesyal pou Imigran Jivenil yo
  • Aplikan pou moun ki Viktim Trafik VISA yo
  • Aplikan pou kanpe Ekspilsyon oswa RetrèRemoción

Ki Fèk Kalifye yo- Otorizasyon pou Travay Obligatwa

  • Moun kap Aplike pou Sitiyasyon Pwoteksyon Pwovizwa
  • Rejis pou Aplikan yo
  • Lòd Sipèvizyon
  • Aplikan pou Anile Retrè oswa pou Sispansyon Depòtasyon
  • Aplikan pou Legalizasyon Anba IRCA
  • Aplikan pou LPR anba Lwa sou Lavi

Note: Kotizasyon, kotizasyon nan asirans ak dediktib chak lane konte pou reyalize kòb maksimòm k ap peye ak Lajan nan Pòch chak lane.

Back to top


Enfòmasyon Pou Granparan Yo

Èske w ap okipe pitit-pitit ou ki bezwen asirans sante?

Pitit-pitit ki ap viv avèk ou a kapab kalifye pou Florida KidCare. Lè ou aplike pou Florida KidCare, yo pral konsidere revni nou sèlman si li t ap ede pitit-pitit ou vin kalifye pou youn nan pwogram Florida KidCare yo. Pitit-pitit w ap aplike pou li a sipoze ap viv avèk ou, men nou pa pral gade depi konbyen tan li t ap viv avèk ou. Ou kapab enprime yon aplikasyon Florida KidCare ak enstriksyon sou sitwèb sa a, oswa rele 1-888-540-5437 gratis epi n ap voye youn pou ou.

Granparan yo kapab mennen pitit-pitit yo kay doktè.

Lwa Florida 743.0645 pèmèt yon granparan bay konsantman pou yo bay yon timoun swen medikal: (1) apre kote l ap resevwa tretman an te fè efò rezonab pou kontakte paran oswa responsab timoun nan oswa yo pa ka kontakte moun sa a; ak (2) si paran oswa responsab legal la pa te di kote l ap resevwa tretman an yo kont tretman an.

Si pitit-pitit ou ki pa gen asirans la p ap viv avèk ou ...

Si ou se yon granparan ki gen yon pitit-pitit ki p ap viv avèk ou ki pa gen asirans sante, ou ka toujou jwenn enfòmasyon sou asirans sante nan men eta pitit-pitit ou abite a. Ale nan Insure Kids Now epi nan meni dewoulan an, klike sou eta pitit-pitit ou a ap viv la. Ou ka kontakte eta sa a pou mande yo voye yon aplikasyon bay paran pitit-pitit ou a.

Retounen anwo


Kalifikasyon Pou Endyen Ameriken Oswa Alaskyen Natif-Natal

Timoun ki se manm tribi endyen ameriken oswa alaskyen natif natal gouvènman federal la rekonèt kapab pa oblije peye prim chak mwa oswa kopeman lè yo enskri nan Florida Kidcare.

Si pitit ou yo se manm tribi endyen ameriken oswa alaskyen natif natal gouvènman federal la rekonèt, tanpri rele 1-888-540-5437 gratis pou konnen si yo kalifye pou jwenn asirans sante ak dan gratis.

SITWÈB SA A SÈVI AK TEKNOLOJI KI KOLEKTE ENFÒMASYON SOU AKTIVITE OU SOU ENTÈNÈT LA. DEPI OU ITILIZE SITWÈB SA A, SA VLE DI OU DAKÒ POU NOU ITILIZE TEKNOLOJI SA YO. OU KA JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU TEKNOLOJI SA YO LA A. SI OU PA DAKÒ, PA SÈVI AK SITWÈB SA A.