Information About Vendor Data Security Incident
Learn more here.
Genbe timoun Florid yo an sekirite e an sante se youn nan premye priyorite nou. Pou n asire nou ke fanmi yo gen dènye enfòmasyon sou vaksen KOVID-19 pou timoun yo, nou te vle pataje yon mesaj enpòtan avè w. Tout timoun ki gen 12 an e plis ke sa kalifye kounye a pou pran yon vaksen KOVID-19 gratis, selon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini. Syantifik CDC yo kwè pran yon vaksen KOVID-19 se mèyè fason nou kapab pwoteje nou menm ak fanmi nou. Antanke paran, petèt ou gen kesyon sou vaksen KOVID-19 la – swa pou tèt ou oubyen pou pitit ou yo. Imèl sa reponn anpil nan kesyon fanmi yo konn poze souvan sou vaksen KOVID-19 yo. Si w gen kesyon ki pa nan lis sa, nou ankouraje w pale ak pedyat, enfimyè oswa famasyen pitit ou a pou ka konn plis. Lòt sous ou ka fè konfyans gen ladan l sit entènèt KOVID-19 Depatman Sante Florid la KOVID-19 sit entènèt, sit KOVID-19 CDC a KOVID-19 sit entènèt oubyen Akademi Ameriken Pedyatri ak paj enfòmasyon sou KOVID-19 HealthyChildren.org Akademi Ameriken pou Pedyatri yo ak pòtal pou KOVID-19 enfòmasyon.
Timoun nan Florida depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane kalifye pou asirans. Li gratis pou aplike epi gen enskripsyon pandan tout ane a, lè pou aplike a se toujou kounye a. Pou kòmanse aplikasyon fanmi ou a, klike sou bouton woz ki di 'Apply Now' (Aplike Kounye a). Apresa Florida KidCare ap fè rès la. Selon laj la timoun nan, kantite moun ki abite kay la, ak revni fanmi an, nou otomatikman mete chak timoun nan youn nan kat pwogram Florida KidCare ki pi bon pou yo a - Medicaid, MediKids, Florida Healthy Kids, oswa Children’s Medical Services (CMS) Health Plan. Se konsa li fasil!
Florida KidCare genyen opsyon gratis, opsyon kote ou jwenn èd, ak opsyon kote ou peye tout lajan an nèt selon revni fanmi an. Pifò fanmi pa peye anyen ditou, epi anpil fanmi peye yon ti $15 oswa $20 dola chak mwa pou tout timoun nan kay la. Fanmi ki pa kalifye pou asirans gratis oswa ki pa kalifye pou jwenn èd yo ka achte yon plan yo peye tout kòb plan an men ki pa chè.
Lè nou t ap kreye Florida Kidcare, nou te panse ak timoun yo. Se sa ki fè asirans nou an bay pitit ou aksè nan sèvis yo bezwen nan chak etap kwasans ak devlopman yo. Yo resevwa sèvis sante ak swen dan nan plan bon kalite ki ofri yon lis ak plizyè doktè, espesyalis, lopital, famasi, ak lòt pwofesyonèl swen sante lokal.
Avantaj Florida KidCare gen bagay sa yo ak plis toujou:
Florida KidCare se mak ki sou tèt kat pwogram asirans sante gouvènman an finanse yo – Medicaid, MediKids, Florida Healthy Kids ak Children’s Medical Services (CMS) Health Plan –ki mete ansanm pou bay timoun Florida asirans sante san rete depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane.
Pwogram Florida Kidcare a fèt ak kat asosye.
Jere pwogram Florida Healthy Kids pou timoun ki gen ant 5 ak 18 lane. Epi tou kòporasyon an detèmine ki timoun ki kalifye pou pati pwogram nan ki pa Medicaid, touche prim chak mwa yo, epi jere sant dapèl sèvis kliyantèl la.
Jere sèvis Medicaid ak pwogram MediKids la pou timoun ant 1 ak 4 lane. An plis, Ajans la travay ak gouvènman federal la pou garanti pwogram Florida KidCare a respekte tout lwa ak règ federal yo.
Detèmine ki timoun ki kalifye pou pwogram Medicaid la epi jere Rezo Sante Konpòtmantal la pou timoun ant 5 ak 18 lane ki gen gwo twoub emosyo.
Jere Children’s Children’s Medical Services (CMS) Health Plan pou timoun ki gen bezwen espesyal pou sante depi yo fèt jiskaske yo gen 18 lane epi revni fanmi yo jiska 200% nivo pòvrete federal la.
SITWÈB SA A SÈVI AK TEKNOLOJI KI KOLEKTE ENFÒMASYON SOU AKTIVITE OU SOU ENTÈNÈT LA. DEPI OU ITILIZE SITWÈB SA A, SA VLE DI OU DAKÒ POU NOU ITILIZE TEKNOLOJI SA YO. OU KA JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU TEKNOLOJI SA YO LA A. SI OU PA DAKÒ, PA SÈVI AK SITWÈB SA A.
© 2023 Florida KidCare